Sèvis Reyabilitasyon Espesyalize
Nou espesyalize nan swen pou pasyan ki gen maladi egi oswa kwonik. Bezwen enfimyè kalifye, sante lakay ou oubyen lòt sipò? CHS ka kowòdone tout bagay, konsa ou ka konsantre 100% sou gerizon an.
Reyabilitasyon Konjesyon Serebral
Lopital reyabilitasyon medikal CHS yo angaje pou ba ou menm oswa yon moun ou renmen pi bon rezilta posib apre yon konjesyon serebral. Objektif nou se optimize nivo endepandans pasyan an epi maksimize kalite lavi li.
Terapi kadyak
Reyalize oswa depase rezilta yo te espere yo: se konsa ekip nou an te touche repitasyon ekselan li a. Nou se resous ekspè pou rekiperasyon siksè apre kriz kadyak ak lòt maladi kè.
Pwogram pou pasyan ekstèn
Pwogram espesyalize nou yo bay sipò ak medikaman pou doulè/fatig, estrateji terapetik, modifikasyon lakay/nan espas travay; ak aparèy/ekipman asistans. Klinik nou yo, ki gen doktè, terapis, enfimyè ak lòt pwofesyonèl, konbine swen medikal espesyalize ak sipò reyabilitasyon.
Terapi akwatik
Egzèsis terapi akwatik amelyore fonksyon, kòm sipò siplemantè pou terapi sou tè ou a oswa kòm yon tretman prensipal. Vizite Sant Akwatik andedan nou an ki gen tanperati kontwole.
Kalite ak Transparans Pri
Nou sipòte dwa ou pou jwenn done sou kalite, pri ak bòdwo ki klè. Gade Florida Health Finder pou jwenn enfòmasyon sou mezi kalite ak pri; konpayi asirans yo, òganizasyon antretyen sante (HMO) ak doktè nou gen kontra avèk yo; epi kijan pou mande estimasyon ak bòdwo detaye. Tanpri klike sou lopital ki anba yo pou plis enfòmasyon:
St. Anthony’s Rehabilitation Hospital
St. Catherine’s Rehabilitation Hospital
St. Catherine’s West Rehabilitation Hospital
Vizite Lopital nou yo
Vin wè tout bagay dirèkteman. Fè yon vizit vityèl nan lopital reyabilitasyon konplè nou yo ki sitiye sou Kanpis Nò nou an (Lauderdale Lakes), Kanpis Villa (North Miami), Kanpis Lwès (Hialeah Gardens), ak Kanpis Sid (Miami).
Sèvis Reyabilitasyon: Lokal pou Pasyan Ekstèn ak Pasyan Entène
Sèvis reyabilitasyon dènye kri pou pasyan entène ak pasyan ekstèn yo toupre w nan yon ti distans nan machin! Jwenn klinik CHS ak lopital reyabilitasyon pratik toupatou nan Miami ak Ft. Lauderdale.
Reyabilitasyon pou pasyan entène: FAQ
Yon gwo maladi oswa yon gwo blesi ka limite kapasite yon moun pou l fonksyone poukont li. Travay ki pi senp yo ka sanble enposib. Reyabilitasyon se yon pwosesis ki ede pasyan yo aprann pran swen tèt yo ankò epi pou yo rive viv yon vi ki pi an sekirite e endepandan posib.
Yon lopital reyabilitasyon pou pasyan entène egi se yon lopital swen egi espesyalize ki gen lisans Leta pou fè reyabilitasyon pou pasyan entène. Yon lopital swen egi se yon kote ki pran swen moun ki gen yon maladi grav oswa yon blesi pou yon kout peryòd. Antanke yon pasyan reyabilitasyon pou pasyan entène egi, ou ka espere yon minimòm twa (3) èdtan terapi pa jou omwen 5 jou pa semèn, ki gen ladan terapi fizik, terapi okipasyonèl ak/oswa terapi lapawòl ak langaj. Fizyat ou a—yon doktè ki espesyalize nan Medsin Fizik ak Reyabilitasyon (PM&R)—ak lòt pwofesyonèl medikal ap wè ou chak jou jan sa nesesè. Anplis de sa, ou ka resevwa sèvis yon sikològ, yon newosikològ, yon responsab ka, ak yon dyetisyen. Yo pral ba ou tou sèvis enfimyè reyabilitasyon 24 sou 24. Pandan ke ou ka resevwa anpil nan menm sèvis yo nan yon lòt anviwònman, tankou swen enfimyè sub-egi oswa espesyalize, yon lopital reyabilitasyon pou pasyan entène egi ofri sèvis kowòdone ak entèdisiplinè ki pi entans pou ede ou refè pi rapidman epi ogmante chans pou ou ka retounen lakay ou.
Anjeneral, yon gwo maladi ka kite yon pasyan fèb e frajil. Sepandan, konjesyon serebral, blesi nan sèvo, ak anpil pwoblèm newolojik oswa ortopedik se pami anpil pwoblèm nou sèvi yo. Objektif ekip reyabilitasyon egi a se ede moun nan reprann fòs ak endepandans li. Lè pasyan an ka gen pwoblèm pre-egzistan ki mete l an risk pou plis konplikasyon, ekip entèdisiplinè nou an devlope fòmasyon ki gen ladan fanmi ak moun kap bay swen pou edike yo sou estrateji ki pi an sekirite pou mobilite, aktivite lavi chak jou, ak prevansyon plis konplikasyon ak chanjman nan fòm lavi. Depatman Admisyon lopital nou yo ap ba ou direktiv klè sou kalite pasyan ki ta pi benefisye.
Pasyan yo vin jwenn nou dirèkteman oubyen atravè plizyè referans, tankou doktè, pwofesyonèl swen sante, konpayi asirans, ajans kominotè, ak referans pèsonèl nan men zanmi ak fanmi. Anvan admisyon, yo fè yon evalyasyon pou evalye:
Dyagnostik
Kondisyon medikal
Andirans/Tolerans pou aktivite
Kognisyon/Kapasite pou patisipe
Motivasyon/Volonte pou amelyore
Yon fwa nou resevwa enfòmasyon medikal ki apwopriye yo, evalye pasyan an, revize asirans li epi/oswa konsilte avèk doktè pasyan an, nou detèmine si youn nan Lopital Reyabilitasyon nou yo se anviwònman ki pi apwopriye pou pasyan an.
Reyabilitasyon se yon pwogram ki fèt espesyalman pou pasyan an ki enplike yon ekip pwofesyonèl k ap asire ke ou resevwa fòmasyon, egzèsis ak pratik apwopriye. Natirèlman, yon reyabilitasyon ki reyisi mande anpil konpreyansyon ak sipò nan men fanmi ak zanmi. Se poutèt sa nou ankouraje fanmi an pou l patisipe aktivman nan pwosesis reyabilitasyon an.
Pa gen de moun ki geri oswa aprann nan menm vitès. Konbyen tan yon moun ka espere rete nan lopital reyabilitasyon an depann de chak moun ak kijan y ap pwogrese. Anjeneral, pasyan yo rete nan reyabilitasyon toutotan gen pwogrè rezonab k ap fèt nan plizyè domèn kapasite fonksyonèl. Si pasyan an rive nan maksimòm potansyèl li oswa si yo ka jere pwogrè kontinyèl nan yon anviwònman ekstèn oswa lakay li, y ap fè aranjman pou yo kite lopital la. Pasyan ki gen dyagnostik ortopedik yo souvan pwogrese byen nan 7 a 10 jou, souvan yo kontinye terapi lakay yo oswa kòm pasyan ekstèn pandan plizyè semèn. Gen kèk pasyan ki ka bezwen yon sejou ki pi long anvan yo kite lopital la.
Kijan nou ka ede w? Kontakte nou kounye a.