Deklarasyon Dwa Pasyan yo

REZIME DEKLARASYON DWA AK RESPONSABILITE PASYAN FLORID LA

Lalwa Florid la egzije pou founisè swen sante w la oswa etablisman swen sante w la rekonèt dwa w pandan w ap resevwa swen medikal epi pou w respekte dwa founisè swen sante a oswa etablisman swen sante a pou atann sèten konpòtman nan men pasyan yo. Ou ka mande yon kopi tèks konplè lwa sa a nan men founisè swen sante w la oswa etablisman swen sante w la. Men yon rezime dwa ak responsablite w yo:

  • Yon pasyan gen dwa pou yo trete l avèk koutwazi ak respè, avèk apresyasyon pou diyite endividyèl li, epi avèk pwoteksyon pou bezwen li genyen pou vi prive.
  • Yon pasyan gen dwa pou jwenn yon repons rapid e rezonab pou kesyon ak demann li yo.
  • Yon pasyan gen dwa pou konnen ki moun k ap ba li sèvis medikal yo e ki moun ki responsab swen li.
  • Yon pasyan gen dwa konnen ki sèvis sipò ki disponib, tankou si gen yon entèprèt ki disponib si li pa pale angle.
  • Yon pasyan gen dwa konnen ki règ ak règleman ki aplike nan konduit li.
  • Yon pasyan gen dwa pou founisè swen sante a ba li enfòmasyon konsènan dyagnostik, tretman ki prevwa, altènativ, risk ak pronostik.
  • Yon pasyan gen dwa refize nenpòt tretman, sof si lalwa prevwa otreman.
  • Yon pasyan gen dwa pou yo ba li, lè li mande l, tout enfòmasyon ak konsèy nesesè sou disponiblite resous finansye li genyen pou swen li.
  • Yon pasyan ki kalifye pou Medicare gen dwa konnen, lè li mande sa epi anvan tretman, si founisè swen sante a oswa etablisman swen sante a aksepte to asiyasyon Medicare la.
  • Yon pasyan gen dwa resevwa, sou demann, anvan tretman, yon estimasyon rezonab sou pri swen medikal li.
  • Yon pasyan gen dwa pou resevwa yon kopi yon bòdwo detaye ki rezonabman klè e konpreyansib, epi, sou demann, pou yo eksplike w chaj yo.
  • Yon pasyan gen dwa pou l jwenn tretman medikal oswa aranjman san patipri, kèlkeswa ras li, orijin nasyonal li, relijyon li, andikap li, oswa sous peman li.
  • Yon pasyan gen dwa jwenn tretman pou nenpòt kondisyon medikal ijans ki pral vin pi mal akoz echèk tretman.
  • Yon pasyan gen dwa pou konnen si tretman medikal la se pou rezon rechèch eksperimantal epi pou bay konsantman li oswa refi li pou patisipe nan rechèch eksperimantal sa a.
  • Yon pasyan gen dwa pou l eksprime plent konsènan nenpòt vyolasyon dwa li, jan lalwa Florid la endike, atravè pwosedi plent founisè swen sante a oswa etablisman swen sante ki te sèvi l la epi bay ajans leta ki bay lisans ki apwopriye a.
  • Yon pasyan responsab pou bay founisè swen sante a, nan limit konesans li, enfòmasyon ki egzat ak konplè sou plent aktyèl li, maladi li te genyen nan tan lontan, entène lopital, medikaman li te pran ak lòt bagay ki gen rapò ak sante li.
  • Yon pasyan gen responsablite pou rapòte chanjman sanzatann nan kondisyon li bay founisè swen sante a.
  • Yon pasyan responsab pou l rapòte bay founisè swen sante a si li konprann yon aksyon li gen entansyon fè ak sa yo atann de li.
  • Yon pasyan responsab pou swiv plan tretman founisè swen sante a rekòmande a.
  • Yon pasyan responsab pou l ale nan randevou li yo, epi, lè li pa kapab fè sa pou nenpòt rezon, pou l avize founisè swen sante a oswa etablisman swen sante a.
  • Yon pasyan responsab aksyon li yo si li refize tretman oswa si li pa swiv enstriksyon founisè swen sante a.
  • Yon pasyan responsab pou asire ke obligasyon finansyèl swen sante li yo ranpli pi vit posib.
  • Yon pasyan responsab pou l swiv règ ak règleman etablisman swen sante ki afekte swen ak konduit pasyan an.